Accessibility links

Breaking News

Militan Yemen Desann yon Dronn Ameriken

This handout photo courtesy of the US Air Force obtained on November 7, 2020 shows an MQ-9 Reaper unmanned aerial vehicle (UAV or drone) flying over the Nevada Test and Training Range on Jan. 14, 2020.

Pantagòn nan konfime ke militan ke Iran apiye nan Yemen desann yon dronn ameriken ki rele MQ-9 Reaper, lendi a.

“Yo desann yon dronn ameriken sou kot zonn ke Houthis yo kontwole nan Yemen, nan Lanmè Wouj. Premye endikasyon yo te moutre ke yon misil Houthi te dessann li ak yon misil Sol-èr, » se sa Sekretè laprès Pentagòn Sabrina Singh di jounalis yo pou reponn yon kesyon LaVwadlamerik.

Anvan sa, yon otorite ameriken ki pa vle yo site non li nan kesyon sekirite nasyonal, te konfime pou LaVwadlamerik ke yo te desan dronn nan toupre Hudaydah nan lès Yemen. Li pa klè toujou si dronn nan te ame lè yo te desann li a.

Sa fè 2èm fwa Houthi yo desann yon dronn MQ-9. Premye fwa a sete an Novanm nan espas aeyen entènasyonal.

XS
SM
MD
LG