Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch: Larisi Obteni yon Zam Anti-Satelit Emèjan 'Ki Bay Kè Sote'


Konseye Lamezonblanch sou kominikasyon ki gen rapo ak sekirite nasyonal, John Kirby pale pandan yon konferans pou lapres nan Lamezonblanch, Lendi 12 Fevriye 2024.
Konseye Lamezonblanch sou kominikasyon ki gen rapo ak sekirite nasyonal, John Kirby pale pandan yon konferans pou lapres nan Lamezonblanch, Lendi 12 Fevriye 2024.

Lamezonblanch konfime piblikman ke Larisi genyen yon zam anti-satelit emèjan ki "bay kè sote". Sepandan administrayon Biden nan di zam nan paka koze dirèkteman "destriksyon materyèl" sou planèt Tè a.

Potpawol Konsèy Nasyonal Sekirite Lamezonblanch la, John Kirby, fè anons la Jedi. Misye di responsab ransèyman Ameriken yo gen enfomasyon ki montre Larisi gen kapasite sa a men ke yon zam konsa pa operasyonèl pou kounyea.

Otorite Ameriken yo ap analize enfomasyon yo genyen sou teknoloji emèjan sa a e yo konsilte ak alye ak patnè Etazini yo sou kestyon an.

XS
SM
MD
LG