Accessibility links

Breaking News

Kilti Ayisyen ak Fransè nan New Orleans


Achitekti Franse nan Vil New Orleans
Achitekti Franse nan Vil New Orleans

Nan vil New Orleans nan eta Louisana, nan yon katye ki rele "French Quarter " (Katye Franse) nou wè achitekti plizyè kay ki sanble tipikman ak kay fransè yo te konn bati nan epòk kolonyal yo.

"French Quarter"a ki pote non tou "Vieux Carré", se katye ki pi ansyen nan vil New Orleans.

Epòk Fransè yo te kolonize vil la, li te rele “Nouvelle-Orléans”, nan ane 1718 Jean-Baptiste Le Moyne de Bienville te fonde vil la.

Vil la te tabli o z alontou yon kote yo te rele Vieux Carré a, paske ibanism zòn nan fèt an fòm kare.

Distri sa ke yo rele “French Quarter” oswa katye Fransè jodi a, gen rapò ak chanjman ki fèt nan vil la depi apre ke Ameriken yo te achte eta Lwizyann nan men Fransè yo.

Pifò nan bilding istorik ki te deja egziste nan vil la te konstwi swa nan fen 18tyèm syèk la, swa pandan peryòd vil la te sou kontwòl panyòl yo, oswa yo te bati pandan premye mwatye 19yèm syèk la. Kay yo sanble anpil ak achitekti kay ke nou rele “gingerbread” ke nou jwen nan kèk katye nan kapital la peyi d’Ayiti (Pòtoprens) oswa nan vil Okap ak Jakmel.

VOA Kreyòl sou plas nan katye fransè sa nan vil New Orleans pou kouvèti kanaval tradisyonel e kiltirel ke yo rele Mardi Gras Ozetazini (sa nou rele Kanaval an Ayiti).

Gen plizyè gwoup ayisyen ki ap patisipe nan plizyè evènman kiltirel anba tem The Destination Konpa event. Evenman yo ap fèt soti 15 fevriye pou rive 19 fevriye.

Pami gwoup ayisyen ki gen pou mete kilti ayisyen an vale nou jwenn Kreyòl la, Zafem, K-dilak & Bedjine, Roody Roodboy al plizyè lòt ankò.

XS
SM
MD
LG