Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lajitis Mande Arestasyon Martine Moïse


Haiti Slain President
Haiti Slain President

Pòtoprens, Ayiti (AP) — Jij ayisyen k ap mennen ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse la ke nèg ak zam te touye an 2021 mete yon manda arestasyon kont Madanm defen prezidan an.

Jij entriksyon Walter Wesser Voltaire ki sou dosye a mete yon manda arestasyon pou madanm prezidan an “Martine Moïse”, apre jij la pat rive entèwoje madanm prezidan an, li pat gen chans pou rankontrel pou l te ka poze l kesyon sou dosye a.

Dapre Ajans Nouvèl Associated Press(AP) manda sa a ki pran lari Lendi apre midi a date depi 25 oktòb 2023 epi li pote siyati jij Voltaire.

Manda sa ki selman di ke otorite yo ap chèche fè entèvyou ak Martine Moïse sou dosye asasina prezidan ayisyen an Jovenel Moïse.

Manda pa presize ni sijere okenn patisipasyon vèv nan lanmò defen prezidan an. Jounal AP pat kapab jwenn Martine Moïse pou fè reyaji.

XS
SM
MD
LG