Accessibility links

Breaking News

Zelensky mande Loksidan pou l ede Ikrèn Gen Kontwòl Aeryen sou Larisi


Switzerland Davos Forum
Switzerland Davos Forum

Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelensky mande alye li yo nan loksidan pou yo ede peyi l genyen "siperyorite aeryen" nan lagè ak Larisi a, pandan li di ke li te deja repran dominasyon li sou flòt Moskou yo nan Lanmè Nwa a, se konsa li te pale nan yon diskou li te fè nan fowòm ekonomik Davos la, an Swis.

Li te kontinye poul di "Patenè nou yo konnen ki sa nou bezwen e nan ki kantite,", e li te ajoute ke Kyèv revandike responsablite pou destriksyon 2 avyon kònba Ris sou Lanmè Azov, ayè lendi 15 Janvye a.

XS
SM
MD
LG