Accessibility links

Breaking News

Pelerinaj Zelenskyy nan Washington


Congress US Ukraine Zelenskyy
Congress US Ukraine Zelenskyy

Prezidan Ikrèn nan Volodymyr Zelenskyy te rankontre ak plizyè lejislatè Ameriken Madi, (12 desanm) nan kad yon pelerinaj li ap mennen nan Washington kote li ap chèche plis finansman ekonomik ak militè Ozetazini pou lagè a kont Larisi.

Anpil lejislatè nan pati repibliken an te kesyone èd adisyonèl sa ke gouvènman an vle bay Ikrèn nan.

Zelenskyy te rakontre ak plizyè ofisyèl nan kongrè ameriken an tankou rankont li prezidan majoritè nan chanm Sena a Chuck Chumer, ak Prezidan Minorite Sena Mitch McConnell.

Nan yon kourye elektronik ajans Reuters te resevwa pòtpawòl Prezidan Chanm Depite a Raj Shah di Depite Mike Johnson te fè yon rankont prive ak Prezidan Zelenskyy .

Nan apremidi a, Zelenskyy te rankontre Prezidan Joe Biden pou diskite sou sa la Mezon Blanch rele yon "bezwen ijan" pou Ikrèn ki toujou nan yon lagè kontinyèl apre Larisi te lanse yon envazyon sou teritwa li yo.

Mezon Blanch lan toujou ap chèche yon akò ak Kongrè ameriken an pou yo ka jwennn assistans ekonimik pou Ikrèn ak Izrayèl.

XS
SM
MD
LG