Accessibility links

Breaking News

Ex-Enfòman DEA Joseph Vincent Plede Koupab nan Kad Dosye Asasina Prezidan Jovenel Moise la


Foto Achiv: Yon neg kanpe bo kote yon potre Prezidan Ayisyen Jovenel Moise nan vil Kap Ayisyen, 22 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Yon neg kanpe bo kote yon potre Prezidan Ayisyen Jovenel Moise nan vil Kap Ayisyen, 22 Jiye, 2021.

Joseph Vincent, yon ansyen enfòman Administradyon Ranfòsman Dwog Etazini, DEA, tounen 4em moun Madi ki plede koupab devan tribinal Ozetazini an koneksyon ak wòl li te jwe nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise an 2021.

Asasina a kite yon gwo vid politik nan peyi d AYiti.

Joseph Vincent se yon sitwayen Ayisyen-Ameriken, e li pami 11 akize -pami yo ansyen sòlda Kolonbyen ak yon biznisman ke lajistis akize deske yo te founi minisyon ak lòt materyo pou egzekite yon atak nan mitan lanuit nan rezidans prive Prezidan Jovenel Moise la nan yon banlye Pòtoprens.

Yo te arete Vincent kek jou apre atak la ansanm ak yon lòt Ayisyen Ameriken, an palan de James Solages. Nan kòmansman, tou le 2 mesye yo te di se konplote yo ki te anboche yo kòm tradikte.

Nan moman kote atak la tap dwoule, neg ak zam yo te pran pòz ajan DEA yo, men pi ta DEA te di ke ni Vincent, ni Solages patap travay nan non ajans la.

Yon dokiman legal ke Vicent siyen nan men tribinal la. Ladann, Vincent admet li te founi sipò materyel ak sevis pou egzekite konplo a. Sevis sa yo enkli konsey sou sityasyon politik Ayiti epi rankont ak lide kominote kle.

Pandan rankont sa yo, dapre sa dokiman an di, se souvan Vincent te konn mete yon bwòch Depatman Deta pou fe moun kwe kòmkwa li tap travay pou gouvenman Ameriken an.

Vincent te vwayaje Ayiti nan komansman ane 2021 pou apiye paste Floridyen - ak ko-defandan Christian Sanon - nan jefò li tap fe pou ranplase Moise, dapre dokiman an. Sware atak la li te yon pasaje nan machin Solages te kondui pou ale kay prezidan an.

Vincent plede koupab apre ansyen senate Ayisyen Joseph Joel John, kolonel lame Kolonbyen retrete German Rivera ak sitwayen Ayisyen-Chilyen Rodolphe Jaar te fe meman pareyman. Lajistis akize Jaar deske li te founi zam ak machin yo te sevi nan atak la.

Jaar ak Rivera kondane pou yo pase res vi yo nan prizon. Jij la va pwononse santans John lan, 19 Desanm.

Vincent riske pase res vi li nan prizon tou. Santans li fikse pou 9 Fevriye 2024.

Gang ame vyolan ap vale teren nan peyi d Ayiti depi lanmò Moise an 2021. Sa deklanche yon kriz imanite ki fòse plizye dizen milye Ayisyen kouri kite kay yo. Met sou sa yo akize gang yo de toupizi, abi seksyel epi kidnapping.

XS
SM
MD
LG