Accessibility links

Breaking News

Premye Jij Fanm Kou Siprèm Etazini, Sandra Day O'Connor Mouri


Foto Achiv: Jij Kou Siprem Sandra Day O'Connor pandan yon seremoni jidisye nan Texas, 6 Janvye 2003.
Foto Achiv: Jij Kou Siprem Sandra Day O'Connor pandan yon seremoni jidisye nan Texas, 6 Janvye 2003.

Premye fanm jij Kou Siprèm Etazini, Sandra Day O'Connor mouri. Li te gen 93 zan.

Se Prezidan Ronald Regan ki te nomen O'Connor nan Kou Siprèm nan an 1981. Li te premye jij fanm Kou Sipreyè a nan 191 zan egzistans li.

Jij la te yon konsèvatè modere. Li te pran retrèt li an 2006. Se jij Samuel Alito ki te ranplase l.

Chèf Kou Siprèm nan, John Roberts chante lwanj Sandra Day O'Connor kòm piyonye ki te "fè fas ak defi yo ak yon detèminasyon, yon kapasite pèson patka mete an dout epi yon franchiz ki te ankouraje angajman.

Tribinal la di O'Connor mouri nan vil Phoenix, Arizona Vandredi, akoz konplikasyon ki gen rapò ak maladi respiratwa epi demans avanse.

XS
SM
MD
LG