Accessibility links

Breaking News

Peyi Arab yo ak Inyon Ewòp Deklare Se Yon solisyon 2 Eta pou Konfli Palestinyen-Izraelyen an


Palestinians look at the houses destroyed in Israeli strikes during the conflict, at Khan Younis refugee camp
Palestinians look at the houses destroyed in Israeli strikes during the conflict, at Khan Younis refugee camp

Yon solisyon 2 eta se ta repons pou konfli Palestinyen-Izraelyen an, se sou pwen sa otorite nan peyi Arab yo ak Inyon Ewòp la antann yo nan yon reyinyon ki te dewoule nan Baselòn, ann Espay, ayè lendi a.

Yo di se Pouvwa Palestinyen an, olye de Hamas, ki te dwe dirije Gaza.

Chef afè etranjè Inyon Ewòp la Josep Borrell di nan reyinyon an nan Baselòn ke tout manm Inyon an yo ak preske tout lòt moun ki te prezan antann yo sou nesesite pou gen yon solisyon 2 eta.

Pouvwa Palestinyen an dwe fè eleksyon e amelyore jan li gouvène, men se sèl « solisyon valab » pou dirije Gaza nan lavni pou evite yon « vid nan tèt pouvwa a », pou repete pawol Borell.

Minis Afè Etranjè Jòdani, Ayman Safadi, deklare se pèp palestinyen an ki dwe deside kilès ki dwe gouvènè li e ke

nenpòt chita-koze sou administrasyon Gaza apre konfli a ta dwe santre sou Sisjòdani ak Gaza kòm yon sèl gwoup.

XS
SM
MD
LG