Accessibility links

Breaking News

Biden Reponn Kestyon Mèt Espesyal Kap Jere Dosye Dokiman Tòp Sekrè yo te Jwenn nan Ansyen Biwo li


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden nan Lamezonblanch
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden nan Lamezonblanch

Lamezonblanch fè konnen Prezidan Joe Biden reponn kestyon mèt espesyal kap prezide dosye legal ki gen rapo ak fason li te jere dokiman top sekrè gouvènman Ameriken an.

Yon pot pawol Biden di prezidan an te patisipe nan entèvyou a volontèman nan Lamezonblanch Dimanch ak Lendi.

Se mèt espesyal Robert Hur kap dirije ankèt la. Minis Jistis Merrick Garland nomen misye pou sipèvize yon kestyon ki sansib o pwend vu politik pou evite konfli enterè.

Pot pawol Lamezonblanch la di Biden ak Lamezonblanch ap kowopere ak anketè yo.

XS
SM
MD
LG