Accessibility links

Breaking News

Biden Egzòte Lidè Mondyal yo pou Kontre Agresyon Larisi nan Ikrèn


Prezidan Etazini Joe Biden pran la pawol devan 78e Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 19 Sept. 2023.
Prezidan Etazini Joe Biden pran la pawol devan 78e Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 19 Sept. 2023.

Prezidan Joe Biden pral pwofite diskou li devan Asanble Jeneral Nasyonzuni an Madi pou ankouraje lidè mondyal yo pou yo rete inifye pou defann Ikrèn kont agresyon Larisi. Li pral lanse avètisman pou di okenn peyi pap an sekirite "si nou kite yo rache koupe Ikrèn ti mosso pa ti mosso".

Dapre ekstrè diskou a ke Lamezonblanch pataje ak laprès, Biden gen entansyon di lidè mondyal yo ki rasanble Nouyok Madi ke "Larisi kwè mond lan ap bouke epi pèmèt li britalize Ikrèn san konsekans."

Prezidan Ameriken an pral kondane "agresyon kare-bare" Larisi a epi sipliye lidè mondyal yo pou yo kanpe fèm pou defann souvrènte Ikrèn pou "dekouraje lot agresè fè mèman parèyman demen."

XS
SM
MD
LG