Accessibility links

Breaking News

Nijè: Fòs Sekirite yo Mete Anba Kòd Yon Sitwayen Franse; Paris Mande Pou "Libere l Imedyatman"


Foto Achiv: Lide Kou Deta Nije yo nan Niamey, 26 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Lide Kou Deta Nije yo nan Niamey, 26 Jiye, 2023.

Lafrans anonse nan Madi ke konseye franse "Stéphane Jullien" ki ap viv Nijè jwenn arestasyon l 8 septanm pase a pa fòs sekirite Nijeryen yo, e Paris mande "liberasyon li imedyatman".

Dapre yon deklarasyon ke pòtpawòl Ministè Afè Etranjè franse a bay "Paris mande pou libere li imedyatman depi premye jou yo te arete li, anbasad nou an te konplètman mobilize pou asire pwoteksyon konsila a pou konpatriyòt nou an."

Stéphane Jullien se yon konseye franse aletranje li reprezante franse yo nan anbasad ak konsila yo.

Anons arestasyon Mesye Jullien a rive nan kontèks kote gen gwo tansyon ant Paris ak Niamey, depi apre koudeta militè 26 jiyè a.

Lafrans toujou konsidere Prezidan dechu Mohamed Bazoum kòm prezidan lejitim peyi a malgre jent la kenbel prizonye. Jiskaprezan Paris refize reponn a revandikasyon putschis yo.

Mwa pase a jent yo te mande depa anbasadè Franse a nan Niamey epi yo denonse akò defans ke ansyen rejim yo te siyen ak Paris, kote Lafrans deplwaye 1,500 sòlda nan Nijè.

Nyamey te youn nan alye Paris nan Sahel la anvan koudeta a.

XS
SM
MD
LG