Accessibility links

Breaking News

Anpil Sitwayen Kouri kite Kapital la Pou al Viv Nan Lòt Vil yo


Sitwayen yo kite Kapital La, yo al nan vi Pwoven yo
Sitwayen yo kite Kapital La, yo al nan vi Pwoven yo

Zak Vyolans gang yo nan kapital Ayiti a tankou nan Kafoufèy fòse popilasyon an deplase pou ale cheche lavi lòt kote tankou nan vil pwovens yo.

Nan pòtay Leogane machin ki ap pran direksyon lòt vil yo tankou Jakmel, Okay, Miwagwàn, Tigwav, pa gen ase plas pou tanspòte tout pasaje ki gen dezi pou kouri kite kapital peyi a akoz aktivite zak vyolans gang yo.

Korespondan nou nan kapital peyi a Pòtoprens te pale ak plizyè nan chofè sa yo. Yon chofè ki konn transpòte pasaje pou ale nan vil sa yo di VOA Kreyòl ke lari plizyè katye nan kapital peyi a blanch, kote sitwayen ki tap viv nan katye sa yo kouri kite vil la akoz vyolans gang yo ap fè sou popilasyon an, e anpil nan moun sa yo sove kite katye sa yo ak tout efè pèsonèl yo.

Pami efè pèsonèl Jounalis nou te konstate sou do machin yo gen “sak, bokit, matla, bisiklèt ak anpil lòt objè”.

Dapre yon lòt chofè, anplil nan sitwayen ki sove kite katye kote yo te rete twouve yo nan difikilte akoz yo pa gen ase mwayen pou ale viv ak fanmi yo nan vil sa yo.

Konsa tou gen nan sitwayen sa yo ki deside ke yo ap rete nan kapital la paske yo pa genyen okenn moun nan vil sa yo.

Korespondan VOA Kreyòl te rankontre ak yon mesye nan “Ecole Nationale Republique du Bresil” ki fè nou konnen li pa gen okenn kote pou li ale nan lòt vil yo.

Li deklare “Si yon moun ou se moun andeyò ou ye, ou ka deplase ou al andeyò. Bon mwen ki kote m prale andeyò a, manman m pat montre m fanmi m andeyò a, Papa m pat Ayisyen, se Kiben li te ye, li te sot Kiba a 11 an, li grandi ann Ayiti, li jwenn ak manman m li fèm, donk ki fanmi m genyen ? M pa gen fanmi, fanmi m se Pòtoprens yo ye paske se la mwen fèt. Yo met touye m ak tout pitit mwen, se la pou m rete.”

Yon rapò Nasyon Zini di aktivite vyolans gang yo nan kapital la deja lakoz lanmò plis pase 2400 moun.

Pòtpawòl Biwo Komisè LONU pou dwa moun Ravina Shamdasani di nan Jenèv an Swis ke "Depi 1ye janvye pou rive 15 Out ane sa a, gen omwen 2,439 moun ki pèdi lavi yo ak omwen 902 blese" .

Nan finisman mwa Out la anbasad Amerikèn nan Pòtoprens ankouraje tout sitwayen Ameriken ki ap viv ann Ayiti pou kite peyi a san pèdi tan.

XS
SM
MD
LG