Accessibility links

Breaking News

Jent Militè Gabon Arete e Konfiske Plizyè Valiz Lajan lakay Plizyè Ofisyèl Leta


GABON-SECURITY/CASH
GABON-SECURITY/CASH

Ofisye militè Gabon yo ki te ranvèse Prezidan Ali Bongo kontinye yon konkourouj dèyè manm gouvènman Bongo a ke yo akize de koripsyon.

Nan opreasyon ke y ap mennen kont manm ansyen rejim nan, yo dekouvri plizyè valiz chaje ak lajan kach kay divès ansyen ofisyèl Gabonè, dapre sa jounalis nan televizyon Gabon 24 rapòte.

Lidè militè yo te arete plizyè manm kabinè Bongo a byen bonè mèkredi 30 out la sou akizasyon detounman fon ak trafik nakotik.

Pami ofisyèl ki jwenn arestasyon yo gen pitit gason Bongo a, Noureddin Bongo Valentin, ak ansyen direktè kabinè li, Ian Ghislain Ngoulou. Nan imaj ke Gabon 24 te pibliye nou te wè 2 mesye yo prezan nan moman militè yo tap mennen operasyon yo nan kay la.

Reuters pa t kapab verifye si se te Valentin oswa Ngoulou an koneksyon ak lajan kach yo, men Ngoulou te di laprès ke lajan sete pou kanpay prezidansyèl Bongo a.

Reuters pat ka jwenn ni reprezantan Valentin ni Ngoulou pou fè kòmantè sou sa.

XS
SM
MD
LG