Accessibility links

Breaking News

Boubacar Sabo: "Si Koudeta Nijè Gen Siksè, Sa Pwal Menase Demokrasi ak Sekirite An Afrik"


Hambararren shugaban Nijar Mohamed Bazoum
Hambararren shugaban Nijar Mohamed Bazoum

Si solda rebel yo ki jete gouvènman Prezidan Mohamed Bazoum nan Nijè a gen siksè, sa pwal menase demokrasi ak sekirite nan tout rejyon an ak tout kontinan an, se pawol yon manm wo-plase nan pati politik Bazoum nan, nan yon entèvyou ke li bay ajans nouvèl Associated Press.

Boubacar Sabo, asistan sekretè jeneral Pati pou Demokrasi ak Sosyalism nan NIjè, di ke Bazoum viktim yon kidnapping anba men kèk manm gad prezidansyèl la ki wete l nan pouvwa a 26 Jiyè pase e depi lè a kenbe l nan rezidans siveye.

"Sa ki ap pase jounen jodia, si li reyisi, demokrasi fini ann Afrik… Si n ap batay jounen jodia, se pou bagay konsa pa janm fèt ankò e pou asire yon avni pou kontinan nou an, " se konsa Sabo te pale ayè jedi a.

Depi lame a te sezi pouvwa a nan sa kèk analis ak moun nan peyi a wè kòm yon lit ant Bazoum ak chef gad prezidansyèl la, Jeneral Abdourahmane Tchiani, jeneral la fè konnen se li ki ap dirije, e li jwenn sipò popilasyon an. Li eksplwate nan okazyon an tou sa pèp la gen kont ansyen pwisans kolonyal la ki se LaFrans, e li fèmen bouch moun ki kont li.

Sabo se youn nan kèk grenn moun ki pale byen fò kont jent la ki rete nan peyi a e ki pa nan kache.

Plizyè minis ak politisyen wo-plase anba kòd, e gwoup ki ap defann dwa moun paka kominike ak yo, pandan gen lòt ki anba menas, dapre Sabo. Sabo di ke pakèt moun ki ap sipòte rejim nan bay yon imaj ki pa tout verite a, paske jent la peye moun pou manifeste anfavè li. Bazoum pa te janm gen yon gwo sipò nan Niamey, e jent la pwofite opòtinite sa a, se pawòl Sabo.

XS
SM
MD
LG