Accessibility links

Breaking News

Suvivan Dife Maui yo Ap Fè Fas ak Blakawout, Move Sèvis Telefòn Selilè Kounyea


Foto Achiv: Dega dife a koze vizit nan Lahaina, Hawaii, 10 Out, 2023.
Foto Achiv: Dega dife a koze vizit nan Lahaina, Hawaii, 10 Out, 2023.

Moun ki soti vivan nan gwo ensandi ki ratibwaze anpil katye sou zile Maui nan Hawaii ap fè fas ak blakawout ak move sèvis telefòn selilè nan moman yap reseye rebati vi yo.

Pandansetan sekouris yo ap chache viktim yo pou yo ka idantifye yo.

Bilan viktim nan rive a 106 kounyea. Gen yon mòrg mobil ki gen doktè, patolojis ak teknisyen ki rive Hawaii pou fè konsta Madi epi ede egzaminen dekonb yo.

Gouvènè a lanse avètisman yon nouvo tanpèt taka konplike jefò sekou yo.

Gen plizyè milye moun kap viv nan abri, chanm otèl ak Airbnb oubyen ak zanmi.

Gen apepre 2,000 kay ak biznis ki pa gen kouran. Awondisman Mauri fè konnen Madi swa ke konpayi elektrisite a te retabli kouran pou plis pase 10,000 kliyan.

Dife a kontamine tou, pwovizyon dlo a nan anpil katye.

XS
SM
MD
LG