Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau Separe ak Madanm ni


Foto Achiv: Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ak madanm ni Sophie Gregoire Trudeau nan Charlevoix, Kanada, 2018.
Foto Achiv: Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ak madanm ni Sophie Gregoire Trudeau nan Charlevoix, Kanada, 2018.

Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau separe ak madanm ni, Sophie Gregoire Trudeau apre 18 an maryaj.

Mesye da yo di nan mesaj yo pibliye separeman sou Instagram Mèkredi ke yo pran desizyon an apre anpil konvèsasyon "siyifikatif ak difisil".

Koup la te marye nan yon seremoni nan Montreal an 2005.

Yo gen 3 timoun - Xavier ki gen 15 zan, Ella-Grace ki gen 14 zan epi Hadrien ki gen 9 an.

Nan deklarasyon biwo Trudeau pibliye li di "Mesye dam yo rete yon fanmi ki sere-sere, epi Sophie ak premye minis la ap konsantre sou elve timoun yo an sekirite ak lanmou epi yon anvironman kolaborativ."

XS
SM
MD
LG