Accessibility links

Breaking News

Chèf Gang ­Bizoton Ki Te Apwouve pou Vwayaje nan Pwogram "PAWÒL" la Jwenn Arestasyon li nan Ayewopò a


PNH
PNH

Lapolis mete anba kòd Innocent Mackenley, chèf gang Bizoton, nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint LOUVERTURE

Mackenley se yon manm enfliyan nan gang "Ti Bwa", ke yo te fèk enstale kòm lidè gang nan Bizoton 55 (Carrefour).

Lidè gang Bizoton 55 la jwenn arestasyon li nan moman li t ap eseye vwayaje nan Florid nan kad Pwogram Imanitè "Pawòl", ke administrasyon Biden nan te mete sou pye.

DCPJ t ap chèche Mackenley Innocent kon chen fou, pou swadizan patisipasyon li nan asasinay 2 moun, ki se polisye Frantzy Occil nan dat 31 me 2023, ak anplwaye OAVCT Pedro Mondelus nan dat 12 jiyè 2023 nan Thor. 12 (Kafou).

XS
SM
MD
LG