Accessibility links

Breaking News

Dmytro Kuleba Mande Pou Akò Sereyal la Retounen


Ukrainian Foreign Minister Dmytro Kuleba and his Pakistan's counterpart Bilawal Bhutto Zardari address a joint press conference in Islamabad on July 20, 2023.
Ukrainian Foreign Minister Dmytro Kuleba and his Pakistan's counterpart Bilawal Bhutto Zardari address a joint press conference in Islamabad on July 20, 2023.

Minis Afè Etranjè Ikrèn çç pandan yon vizit jedi nan Pakistan, mande pou akò sereyal Lanmè Nwa a retounen ann aktivite pou reponn defi sekrite alimantè mondyal la.

Kuleba te pale ak jounalis nan kapital Pakistan an Islamabad ansanm ak tokay li nan peyi a Bhutto Zardari, pou tanmen yon vizit 2 jou, premye vizit konsa ke yon minis afè afè etranjè Ikrèn fè nan peyi sa a depi 2 peyi yo te tabli relasyon diplomatik an 1993.

Pwojè Sereyal Lanmè Nwa a te fèt apre yon antant ke Nasyon Zini ak Tiki te jwenn, ki te leve yon blokis ke LaRisi te enpoze sou pò Ikrèn yo apre li te anvayi peyi a an Fevriye 2022.

Moskou te anonse lendi a ke li wete kò l nan akò a ki te parèt kòm yon mwayen pou soulaje mank manje ak pwoblèm enflasyon nan plizyè peyi ki depann ke sereyal Ikrèn pou nouri popilasyon yo.

LaRisi te bay avètisman kont bato ki vle navige pou rive nan pò Lanmè Nwa yo ke li ap ka konsidere, dapre sa l di, kòm posib eleman militè.

Chef diplomasi Ikrèn nan ekzòte Pakistan pou l leve vwa li pou sipòte lide pou akò a reprann. Zardari di akò Sereyal Lanmè Nwa a ki sispann nan, bay pwoblèm nan peyi an devlopman yo, pami yo Pakistan, paske li enpòtan anpil pou anpeche pri manje moute.

XS
SM
MD
LG