Accessibility links

Breaking News

Kore Di Sid: Omwen 41 Moun Mouri nan Inondasyon


Petugas pemadam kebakaran ikut dalam operasi pencarian dan penyelamatan tanah longsor akibat hujan deras di Yecheon, Korea Selatan, 15 Juli 2023. (Foto: Yonhap via REUTERS)
Petugas pemadam kebakaran ikut dalam operasi pencarian dan penyelamatan tanah longsor akibat hujan deras di Yecheon, Korea Selatan, 15 Juli 2023. (Foto: Yonhap via REUTERS)

Kore di Sid anba inondasyon apre dè semèn kote lapli ap tonbe ale-vini, kote pou pi piti 41 moun pèdi lavi pou kounyea, sikilasyon tren kanpe akoz enkyetid kòmkwa fondasyon wout tren yo ka febli, kote dè milye moun ap ranmase sa tanpèt la kite, pandan meteo prevwa plis lapli toujou.

Prezidan Yoon Suk Yeol ki fèk tounen lakay li jodi lendi a apre yon vire-won ann Ewòp kote li te prezide yon reyinyon pou ijans, li pase otorite yo lòd pou deziye kèk kote kòm zòn dezas e li fè tout efò pou sipòte sèvis sekou rejyonal yo ak tout travay pou rebati kote ki kraze.

Yoon repwoche tou gouvènman lokal yo kòmkwa yo rete nan chita-gade, e li lage sou yo responsablite pou lanmò plis pase yon douzèn moun anba yon tinèl ki inonde nan vil Cheongju, nan pwovens Nò Chungcheong.

Inondasyon sanzatann nan fèt lè yon kokenn delij te kraze yon dig ki la pou bare dlo lanmè, dapre otorite yo. Sekouris rale pou pi piti 14 kadav menm pandan ekip sekou yo ap fin wete dlo anba tinèl la bonè maten an.

XS
SM
MD
LG