Mezon Blanch di Prezidan Joe Biden pwal chache ranfòse “relasyon sere” li ak Wayòm Ini lè li pwal vizite wa ki fèk kouwone a, Wa Charles 3, e rankontre ak lidè politik Grann Bretay la pou ranfòse koneksyon ant 2 nasyon yo anvan yon somè l-OTAN ki enpòtan anpil, e ki ka detèmine ki wout ke konfli Ikrèn nan ap pran.
Lond se premye eskal nan vwayaj Biden nan 3 nasyon ann Ewòp, ki ap tanmen lendi. Li pwale nan Vilnius, kapital Lituani an, pou yon somè lidè l-OTAN yo, e apre sa travèse nan Helsinki, kapital dènye peyi ki sot antre nan l-OTAN an, Finland.
Yon senp eskal, nan Grann Bretay, men kan menm, vizit sa a ap reprezante yon bagay, lè lidè ameriken an rankontre an zanmitay ak wa Grann Bretay la.
Charles 3 se yon desandan dirèk Wa George 3, e se George 3 ke yon gwoup kolon ameriken te vize lè yo te ekri yon lis konplent byen long nan Deklarasyon Endepandans Etazini an.
--