Accessibility links

Breaking News

Lidè Gwoup Mèsenè Wagner la Pibliye Premye Mesaj li Depi Revolt la


Nan foto sa a ke Sevis Lapres Prigozhin nan distribye bay lapres, Yevgeny Prigozhin, pdg Wagner Gwoup la anrejistre yon videyo nan Rostov-on-Don, Larisi, 24 Jyen 2023.
Nan foto sa a ke Sevis Lapres Prigozhin nan distribye bay lapres, Yevgeny Prigozhin, pdg Wagner Gwoup la anrejistre yon videyo nan Rostov-on-Don, Larisi, 24 Jyen 2023.

Lidè gwoup mèsenè Wagner la, Yevgeny Prigozhin pibliye Lendi premye deklrasyon li depi li te kite tonbe revolt li te oganize Samdi. Misye defann revolt la kom reyaksyon apre yon atak sou twoup li yo ki te lakoz 30 mesenè te mouri.

Misye deklare nan yon mesaj odyo ki dire 11 minit: "Nou te komanse avans nou akoz yon enjistis.

Misye pa bay okenn detay pa rapo ak ki kote li ye kounyea, ni ki plan li genyen pou lavni.

Yon lot kote, Minis Defans Ris la Sergei Shoigu fè premye parèt li an piblik depi revolt la kote mesenè yo tap mande demisyon li. Misye te enspekte twoup ris yo nan Ikrèn nan yon videyo ki pibliye Lendi e ki gen kom bi pwojte yon sans lod apre kriz politik pi grav peyi a konstate depi plizyè dizèn lane.

Foto Achiv: Manm Gwoup Wagner la chita sou yon tank nan Rostov-on-Don, Larisi, 24 Jyen 2023.
Foto Achiv: Manm Gwoup Wagner la chita sou yon tank nan Rostov-on-Don, Larisi, 24 Jyen 2023.

Sepandan moun kontinye poze kestyon pou konnen kisak pral devni Minis la ansanm ak lidè revolt la Pigozhin ak lame prive li a.

Kremlen an fè konnen li jwenn yon antant ak Prigozhin pou l al Byelorusi epi resevwa amnisti pou limenm ak solda li yo.

Yon rezo nouvèl Ris ki popilè sou Telegram rapote gen moun ki wè Prigozhin nan yon otèl nan kapital Byelorusi a, Minsk.

Laprès Ris rapote otorite yo ap mennen yon ankèt kriminèl sou Prigozhin, e ke gen palmantè ki mande pou touye l.

XS
SM
MD
LG