Accessibility links

Breaking News

Ameriken ap Selebre Juneteenth


Miss Juneteenth Arizona Shaundrea Norman, 17, left, and Teen Miss Juneteenth Arizona Kendall McCollun, 15, attend an annual Juneteenth celebration at Eastlake Park in Phoenix, June 18, 2022.
Miss Juneteenth Arizona Shaundrea Norman, 17, left, and Teen Miss Juneteenth Arizona Kendall McCollun, 15, attend an annual Juneteenth celebration at Eastlake Park in Phoenix, June 18, 2022.

Jodi lendi a, Ameriken ap selebre Juneteenth, ki se yon fason popilè pou di June Nineteenth, 19 Jen, pou make jou kote dènye gwoup moun yo ki te nan esklavaj nan Etazini te aprann ke yo lib.

Pandan plizyè jenerasyon, Nwa Ameriken yo te rekonèt finisman youn nan chapit ki pi tris nan istwa Etazini e yo te make li ak kè-kontan sou fòm parad, festival nan lari, espesktak mizik, oubyen manje ke y ap kwit nan lakou lakay yo.

Gouvènman ameriken an te pran tan pou li anbrase okazyon an – sete lòt jou la a an 2021 Prezidan Joe Biden te siyen yon pwojè-lwa ke Kongrè a te pase pou chwazi Juneteenth kòm yon konje federal.

Pandan anpil Ameriken ap aprann sa Juneteenth ye, tradisyon fèt sa a ap fè fas ak nouvo presyon bò kote pati politik ki kondane efò pou anseye Ameriken sou istwa rasyal nasyon an.

Se moun ki te nan esklavaj yo ki te tanmen selebrasyon-an nan Galveston nan eta Texas. Malgre Abraham Lincoln te bay Pwoklamasyon pou Emansite (kidonk Libere) moun sa yo an 1863, gouvènman an pa te ka fè respekte li plizyè kote nan Sid-la jouk rive lè gè sivil la te bout an 1865. E se 19 Jen 1865 nouvèl la te gaye nan Galveston, Texas, e nan tout Sid la. Kèk Blan ki te pwofite nan travay gratis la te kenbe nouvèl la sekrè jouk rive nan dat 19 Jen sa a.

XS
SM
MD
LG