Accessibility links

Breaking News

Florid: 4 Sitwayen Chinwa Asiyen yon Nouvo Lwa ki Mete Retriksyon Pou Anpeche Imigran Achte Kay


DeSantis Education
DeSantis Education

4 sitwayen chinwa ki rete nan eta Florid ansanm ak yon konpayi biznis kay ki fonksyone nan eta a mete ansanm pou asiyen yon nouvo lwa ki mete restriksyon sevè sou kapasite moun ki pa sitwayen ameriken achte pwopriyete nan eta a.

Pwosè a ki rele Shen kont Simpson, akize lwa Florid SB 264 la, ki resevwa siyati Gouvènè Ron DeSantis mwa sa a e ki ap antre ann aplikasyon Premye Jiyè, kòmkwa lwa-a vyole dwa sitwayen chinwa yo ki gen pwoteksyon egal devan Konstitisyon Etazini.

Lwa a mete restriksyon pou sitwayen chinwa ki soti nan “peyi ki bay kè-sote” (jan lwa a di li), pami yo Kiba, Venezyela, Siri, Iran, LaRisi ak Kore di Nò, men entèdiksyon sa-yo pi sevè pou sitwayen chinwa.

Dapre lwa a, li pwal vin ilegal pou sitwayen chinwa ki pa rezidan pèmanan legal Etazini achte pwopriyete nan Florid. Sitwayen chinwa ki mèt kay nan eta a pwal gen obligasyon pou yo anrejistre kay sa yo nan eta a. Moun ki vyole lwa a ka tonbe anba amand, akizasyon kriminèl ak yon tou prizon.

XS
SM
MD
LG