Accessibility links

Breaking News

Dife Ratibwaze Dòrtwa yon Lekòl nan Guyana - Omwens 20 Timoun Mouri

Nan foto sa a ke Depatman Enfomasyon Piblik Guyana pataje ak lapres, dortwa lekol sekonde nan Mahdia finn boule net, 22 Me 2023.

Otorite Guyana fè konnen dife ratibwaze dortwa yon lekòl nan Guyana. Omwens 20 elèv mouri e plizyè lòt blese.

Gouvènman Guyana deklare dife a pete kèk minit apre minui nan lekòl la ki sitye sou fwontyè sidwès peyi a, nan vil Mahdia. Vil sa a sitye a yon distans 320 kilomet o sid kapital peyi a, Georgetown.

Nan foto sa a ke Depatman Enfomasyon Piblik Guyana pataje ak lapres, dortwa lekol sekonde nan Mahdia finn boule net, 22 Me 2023.
Nan foto sa a ke Depatman Enfomasyon Piblik Guyana pataje ak lapres, dortwa lekol sekonde nan Mahdia finn boule net, 22 Me 2023.

Konseye sekirite Gerald Gouveia di dife a pete yon ti tan apre minui nan lekòl la ki sevi timoun ant laj 12 ak 18 an. Pi fò nan yo se endijen. Li di li twò bone pou di kisak lakoz dife a.

XS
SM
MD
LG