Accessibility links

Breaking News

Putin Deklare Ke Gen Yon “Vrè Gè ki Tanmen” kont LaRisi


WW2-ANNIVERSARY/RUSSIA-PARADE
WW2-ANNIVERSARY/RUSSIA-PARADE

Prezidan ris Vladimir Putin di madi mond la rive nan yon kalfou kote gen yon “vrè gè ki tanmen” kont LaRisi.

Putin pale konsa nan Moskou pou make defèt Almay Nazi a nan 2èm Gè Mondyal la, yon jou fèt enpòtan nan LaRisi, ki te atire dè douzèn milye moun pou yon parad militè sou Laplas Wouj la nan Moskou.

“Nou pa vle wè teworis entènasyonal, nou pwal pwoteje abitan Donbas yo, nou pwal asire sekirite nou,” se pawòl Putin.

LaRisi te lanse yon envazyon total nan Ikrèn, ane pase, e rejyon Donbas la nan lès peyi a se youn nan zòn kote anpil batay ap dewoule.

Yon lòt kote, otorite ameriken yo di Etazini pral bay Ikrèn 1.2 milya dola anplis nan èd militè alontèm pou ranfòse defans aeryen li pandan Larisi kontinye ap sakaje Ikrèn ak dronn, misil elatriye.

Èd sa a pral antre nan kad fon ki rele Inisyativ Asistans Sekirite pou Ikrèn.

XS
SM
MD
LG