Accessibility links

Breaking News

Volodymyr Zelenskyy Rive nan Peyi Finland


Ukraine President Volodymyr Zelenskyy meets people as he is welcomed by Finnish President Sauli Niinisto, in Helsinki, Finland May 3, 2023.
Ukraine President Volodymyr Zelenskyy meets people as he is welcomed by Finnish President Sauli Niinisto, in Helsinki, Finland May 3, 2023.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy rive nan peyi Finland jodi mèkredi a pou patisipe nan yon somè ak lidè 5 nan nasyon nan nò Ewòp la.

Zelenskyy ap rankontre ak Premye-minis peyi Syèd Ulf Kristersson, lidè peyi Nòvèj Jonas Gahr Store, Premye-minis peyi Dànmak Mette Frederiksen ak lidè Iceland Katrìn Jakobsdòttir, e rankont la ap fèt nan rezidans ofisyèl Prezidan Finland Sauli Niinisto.

Vwayaj Zelenskyy nan Finlann nan vini sèman kèk semèn apre nasyon sa a nan nò Ewòp-la te tounen 31èm manm Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (OTAN).

Yon lòt kote, yon depo gaz pran dife nan LaRisi bonè jodi mèkredi a. Veniamin Kondratyev, ki se gouvènè rejyon Krasnodar nan sidwès LaRisi, di sou app Telegram ke depo a sitye nan vilaj Volna. Gouvènè Kondratyev di pa gen nouvèl ki rapòte okenn viktim.

XS
SM
MD
LG