Ekonomi Ajantin frajil anpil apre peso a te pran anpil kou nan mache finansye a, sa ki vin lakòz lajan sa a pèdi valè net al kole nan fen mwa ki sot pase a, epi epwize rezèv dola ameriken li nan bank santral la.
Anpil moun t ap atann Madi pou 2 peyi yo ta revele yon sistèm ki ta pèmèt konpayi Ajantin yo kontinye fè komès ak Brezil san yo pa oblije itilize dola a.
Men apre yon reyinyon apreprè 4 èdtan, 2 prezidan yo te moutre klè ke yo yap kontinye travay sou kèk detay.