Accessibility links

Breaking News

3 Sòlda Pèdi Lavi yo, Apre 2 elikoptè Lame Amerikèn Fè Kolizyon nan Alaska


Apache
Apache

JOINT BASE ELMENDORF-RICHARDSON, Alaska (AP) — Lame Ameriken fè konnen 3 sòlda li mouri e yon lòt blese apre 2 elikoptè te fè kolizyon e tonbe nan eta Alaska pandan y ap retounen sot nan yon vòl antrènman.

Lame a di 2 sòlda mouri nan lye aksidan an Jedi e yon twazyèm mouri sou wout pandan yo tap kouri ak li lopital nan Fairbanks.

Deklarasyon Lame a kontinye pou l di ke yon katriyèm sòlda t ap resevwa tretman nan yon lopital pou blesi li.

Yo kenbe non moun ki mouri yo sekrè pou jiskaske fanmi yo konnen nouvèl la.

Elikoptè AH-64 Apache yo te soti nan Fort Wainwright, ki toupre Fairbanks.

Otorite yo di yo ap mennen ankèt sou aksidan an.

XS
SM
MD
LG