Accessibility links

Breaking News

Biden Choute Plan Dèt Republiken yo


Prezidan Joe Biden pale ak lapres nan ayeropo Charlestown, Awondisman Mayo, Irland, 14 Avril 2023.
Prezidan Joe Biden pale ak lapres nan ayeropo Charlestown, Awondisman Mayo, Irland, 14 Avril 2023.

Lidè Lachanm Depite Etazini Kevin McCarthy ap travay san rete pou ranmase sipò pou yon plan Repibliken ki ta ogmante limit dèt Etazini.

Prezidan Joe Biden apiye lide pou yo ogmante limit lajan peyi gen dwa prete legalman tou, men li pa dakò ak lòt deman McCarthy fè yo. Plan Repibliken an mande pou limite a yon ogmantasyon 1% pa an depans gouvènman federal la nan lavni. Gen kèk lot chanjman Biden mande pou yo fè tou.

McCarthy ap chache negosye ak Lamezonblanch, sepandan Biden voye jete plan li an paske li di sa pral vle di "gwo rediksyon" nan pwogram ki afekte dè milyon Ameriken.

Plan lidè Republiken an prèske pa gen okenn chans pou Sena a, ke Demokrat yo kontwole, apwouve l.

McCarthy poko rive non plis tou, inifye Repibliken Lachanm yo ki divize an plizyè faksyon, e kèk pami yo gen dout sou plan an tou. Fòk li gen konsantman tout depite sa yo pou apwouve plan an.

XS
SM
MD
LG