Accessibility links

Breaking News

Jair Bolsonaro Retounen Brezil


APTOPIX Brazil Bolsonaro Returns
APTOPIX Brazil Bolsonaro Returns

Ansyen Prezidan ekstrèm-dwat Brezil Jair Bolsonaro retounen soti Etazini Jodi jedi a, e dè santèn sipòtè li te akeyi li nan yon aewopò nan kapital la Brazilia apre 3 mwa li te pase deyò.

Bolsonaro, ki pa te janm rekonèt defèt li nan eleksyon ane pase, ka pran tèt opozisyon kont Prezidan gochis Luiz Inacio Lula da Silva, dapre responsab yo nan pati konsèvatè li a, Pati Liberal la.

Anvan li te moute abò yon avyon nan vil Orlando nan sant Etazini, Bolsonaro pa te vle di li pwal nan tèt pati li a men li di li pwal sèvi ak eksperyans li pou ede pati a mennen kanpay nan eleksyon lokal yo, e li ajoute ke vòt mwa Oktòb ke li te pèdi a, se yon chapit ke li fèmen.

“Nou vire paj la, e kounye a nou pwal prepare pou eleksyon ane k ap vini an, » se sa li di chèn televizyon CNN nan Brezil.

Bolsonaro te pati Etazini 2 jou anvan li te gen pou li remèt fòtèy prezidan an bay Lula, premye Janvye. Li te di li bezwen repo, men kèk kritik di li te vle evite plis pase yon douzèn ankèt legal ki te ka fèt sou li nan Brezil.

Bolsonaro, ki gen 68 an, ki pran ansyen prezidan Etazini Donald Trump kòm idol li, te nan Konferans Aksyon Politik Konsèvatè a nan Washington, mwa sa a, kote li te poze kesyon sou rezilta eleksyon mwa Oktòb la ke Lula te genyen ak yon maj tou mens, e li di misyon li nan Brezil pako fini.

XS
SM
MD
LG