Accessibility links

Breaking News

LONU: 187 Moun Mouri nan Zak Vyolans Gang Ayisyen yo


Yon polisye kouri pou chache abri pandan yon operasyon anti-gang nan Potoprens, 3 Mas, 2023.
Yon polisye kouri pou chache abri pandan yon operasyon anti-gang nan Potoprens, 3 Mas, 2023.

Nouvo lese frape ant gang rival nan Pòtoprens ak lot vil Ayisyen lakoz 187 moun pedi lavi yo nan mwenske 2 semèn. Plis pase 150 lòt blese. Se sa ki nan yon rapò Nasyonzini pibliye Madi.

Nouvo vag vyolans la anrejistre ant 27 Fevriye ak 9 Mas nan Pòtoprens ak nan rejyon santral Atibonit la. Li lakoz plizyè santèn moun kouri kite kay yo, kiltivatè abandone plantasyon yo epi agrave ensekirite alimantè a.

Marta Hurtado, se Pòtpawòl Wo Komisarya Dwa Moun nan.

"“Nous sommes gravement préoccupés par les faits d’extrême violence qui continuent d'échapper à tout contrôle en Haïti. Les affrontements entre gangs sont de plus en plus violents et de plus en plus fréquents, car ils tentent d'étendre leur contrôle territorial dans la capitale et dans d'autres régions en prenant de plus en plus pour cible les personnes vivant dans les zones contrôlées par leurs rivaux.”

Otorite Ayisyen yo blame gang ki rele "Baz Gran Grif la" pou ogmantasyon nan zak vyolans nan rejyon santral peyi a.

Rosy Auguste Ducena se Direktris Pwogram Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun an Ayiti, RNDDH.

"Ankò yon fwa bandi yo montre ke yo trè puisan - yo trè puisan poukisa? Paske lapolis pap rechèche yo - patikilyèman chèf gang ame yo ki trè konu e ke yo di nou antre giymè ke yo 'aktivman rechèche' e se de tanzantan ke nap rejwenn non sa yo nan dèz epizòd zak vyolans."

Met sou sa, yo anrejistre yon afe 260 kidnaping depi komansman ane 2023 a. Gang yo mete men sou moun lakay yo ak nan lye piblik tou.

Direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a, BINUH, Madan Helen La Lime te eksprime ke sote li pa rapo ak zak vyolans gang yo pandan yon rankont L'OEA (Oganizasyon Eta Ameriken yo) nan Washington.

"Anyen pap chanje amwenske sityasyon an an Ayiti ak sekirite a chanje. Ou tande kidnaping ogmante, zak vyolans seksyèl ap dewoule nan niwo moun poko janm konstate anvan. Epi - kisa nap fè Even se yon jefò kolektif. La Frans ap bay fòmasyon, Etazini atravè viwo Nakotik Entènasyonal ak Ranfòsman Lwa yo gen yon gwo pwogram sekiritè pou travay ak inite espesyal taktikal SWAT yo. Epi noumenm, nou gen yon misyon ki pi piti - apepre 20 polisye LONU kap travay ak polis nasyonal la. Nap travay nan divès domèn men nou pa atenn objektif nou. "

Ayiti mande kominote entenasyonal la voye yon fòs nasyonal an Ayiti pou kwape gang yo. Plizye responsab Ayisyen te pran la pawòl devan yon rankont espesyal LOEA 16 Mas la pou reitere bezwen ijan ki egziste pou yon fòs konsa an Ayiti.

Semen pase a, Premye Minis Ariel Henry te siyale li vle mobilize lame d Ayiti pou ede Polis Nasyonal la jere gang yo.

"Situasyon an malouk. Chak jou, fos fè nwa yo ap vale plis teren. Peyi nou an ap viv yon moman difisil. M vin jwen nou pou nou travay la men nan la men ak fos polis yo nan batay kont ensekirite a."

Pouvwa gang yo ogmante anpil depi asasina Prezidan Jovenel Moise. Yo estime gang yo kontwole apepre 60% Potoprens. Yo antre nan lese frape nan vil Petite Riviere de L'Artibonite, Verrettes, Estere ak Liancourt tou.

XS
SM
MD
LG