Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid: Opozisyon an Lanse Kritik Kont Prezidan Yoon


FILE - South Korea's president-elect Yoon Suk-yeol gestures during a ceremony disbanding the presidential election camp at the National Assembly Library in Seoul on March 10, 2022.
FILE - South Korea's president-elect Yoon Suk-yeol gestures during a ceremony disbanding the presidential election camp at the National Assembly Library in Seoul on March 10, 2022.

Fòs opozisyon ki gen tandans zèl goch nan Kore di Sid lanse kritik sevè kont prezidan Yoon Seok Yeol, vandredi, lè li te retounen soti nan yon somè kote li t ap chache ouvè yon epòk tou nèf nan relasyon Kore di Sid ak Japon.

Yoon tounen jedi premye prezidan Kore di Sid depi 12 lane ki fè yon somè ak tokay japonè li kote li rankontre ak Premye-minis Fumio Kishida nan Tokyo.

Yo 2 a antann yo pou yo rekoumanse fè vizit len nan peyi lòt, fè pa pou lache tansyon komèsyal, e yo sèmante pou yo ranfòse koperasyon nan domèn sekirite pou fè fas ak menas bò kote peyi tankou LaChin ak Kore di Nò.

Rezilta ki soti nan somè a pa te ase pou satisfè goch la nan Kore di Sid, ki pa dakò ditou ak efò pou fè tankou yo bliye chire-pit istorik ki te mete anpil pwoblèm nan relasyon ak Japon.

“Somè jedi a ant Kore ak Japon sete pi gwo anbarasman ak pi gwo dezas nan istwa diplomatik Kore di Sid,” se pawòl Lee Jae-myung, ki se alatèt Pati Demokrat la. Li di se “tankou n ap rann Japon omaj, soupriye li pou rekonsilyasyon e pou li aksepte ke nou rann tèt nou ba li. » Lee te pale konsa nan yon reyinyon pati a.

Semèn pase a, Yoon te devwale yon plan pou rezoud youn nan chire-pit ki gen plis pikan ant 2 peyi yo – se kesyon Japon ki te mete moun nan travo fòse pandan okipasyon brital tout penennsil Kore a pran depi 1910 pou rive an 1945.

XS
SM
MD
LG