Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Peyi Ongri Apiye Aplikasyon pou LASyèd Vin Manm LOTAN


FILE PHOTO: FILE PHOTO: NATO holds ceremony to mark Sweden's and Finland's application for membership in Brussels
FILE PHOTO: FILE PHOTO: NATO holds ceremony to mark Sweden's and Finland's application for membership in Brussels

COPENHAGEN, Denmark (AP) — Yon delegasyon palmantè ki soti nan peyi Ongri di ke li sipòte demann Syèd fè pou vini manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik la. Yo fè anons sa apre yo te rankontre ak lidè palman swedwa a.

Kèk palmantè nan Ongri te soulve dout sou si wi ou non yo ta dwe bay sipò yo pou Syèd ak Finlann ta vin manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik a.

Yo di ke Syèd ak Finlann te bay fo evalyasyon kòmkwa Ongri ta manke demokrasi.

Apre Latiki, Ongri se sèl peyi manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik la ki poko ratifye aplikasyon pou Syèd ak Finlann rantre nan alyans militè Lwès la.

Delegasyon an ki te vizite Syèd nan Madi te planifye pou vizite Finlann tou.

XS
SM
MD
LG