Accessibility links

Breaking News

Gad Kòt Etazini Ranmase 396 Migran Ayisyen tou Pre Bahamas


Chofe taksi chita bo kote lanme pandan yap tann kliyan yo nan Grand Bahama, Bahamas, 6 Oct. 2019.
Chofe taksi chita bo kote lanme pandan yap tann kliyan yo nan Grand Bahama, Bahamas, 6 Oct. 2019.

Otorite Pòtoriko fe konnen Gad Kòt Etazini arete yon bato ki tap transpòte 396 migran Ayisyen tou pre zile Bahamas nan sa yo konsidere tankou youn nan pi gwo ensidan trafik moun yo janm konstate nan rejyon an.

Responsab imigrasyon Bahamas yo pibliye yon deklarasyon Dimanch kote yo fe konnen yo arete migran yo tou pre yon zile ki rele Cay Sal, ki sitye ant Florid ak Kiba.

Yo di Gad Kòt Ameriken arete migran yo epi mennen yo nan zile Bahameyen ki rele Inagua a. Yo pral rapatriye yo pi ta.

Otorite yo pa bay oken lòt enfòmasyon.

Gen plizye milye Ayisyen ki kouri kite peyi yo akoz gwo ogmantasyon nan zak vyolans gang yo epi enstabilite politik la kap vin pi grav chak jou. Kounyea pa gen okenn responsab eli nan enstitisyon peyi a.

XS
SM
MD
LG