Accessibility links

Breaking News

Pfizer Mande FDA Apwouve Nouvo Vaksen COVID li a pou Timoun ki Gen Mwenske 5 an


Foto Achiv: Deborah Sampson (a goch) yon enfimye nan sant medikal Inivesite Washington nan nan vil Seattle, bay yon timoun 20-mwa yon vaksen COVID, 21 Jyen 2022.
Foto Achiv: Deborah Sampson (a goch) yon enfimye nan sant medikal Inivesite Washington nan nan vil Seattle, bay yon timoun 20-mwa yon vaksen COVID, 21 Jyen 2022.

Pfizer mande ajans federal ki kontwole tout medikaman kap vann Ozetazini, pou l apwouve nouvo vaksen COVID-19 li a pou timoun ki genmwenske 5 an.

Timoun nan bazaj sa yo deja apwouve pou resevwa 3 ti doz vaksen orijinal la.

Pfizer ak patne li, BioNTech deklare Lendi, si Administrasyon Manje ak Medikaman an dako li pral ofri nouvo vaksen an kom twazyem piki pou timoun yo.

FDA deja bay konsantman pou fe chanjman nan vaksen COVID-19 yo pou vize pi byen varyan omicron an nan vaksen booster ou siplemante ki disponib pou tout moun ki gen pliske 5 an.

XS
SM
MD
LG