Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Moskou Vize Enfrastrikti Peyi a Ak Gwo Bonm


A woman reacts next to the body of her neighbor found under debris of a residential house destroyed by a Russian missile attack in Mykolaiv, Ukraine.
A woman reacts next to the body of her neighbor found under debris of a residential house destroyed by a Russian missile attack in Mykolaiv, Ukraine.

Plis pase 80% rezidan Kyev te san dlo ak elektrisite nan " plizyè lokalite" nan Ikrèn apre gwo atak malouk Larisi te fè Lendi kont enfrastrikti peyi a nan plizyè rejyon.

Kòmandan an Chèf Lame Ikrenyen an Valeriy Zaluzhnyi te di sou Telegram ke fòs Ris yo te lanse 55 misil kwazyè, yon misil depi sol tè, 22 misil anti-avyon ak 5 dron, nan sid peyi a, li te di nan deklarasyon li ke "lènmi an kontinye tire bonm pou detwi enfrastrikti kritik pep la".

Dapre Ministè Defans Ris la, "tout lansman bonm yo rive nan sib yo ".

Lendi nan aswè, Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky te di li te pale nan telefòn ak Chanselye Alman an Olaf Scholz e li te remèsye l pou zam defans anti-avyon peyi li te bay.

XS
SM
MD
LG