Accessibility links

Breaking News

Angletè, Mond lan Swete Rèn Elizabeth II Yon Dènye Adye


Wa Charles III, Ren Konso, Prenses Wayalla ak lot manm fami wayal la akonpaye sekey Ren Elizabeth II pandan fineray li nan Westminster Abbey, Lond, Lendi 19 Sept. 2022.
Wa Charles III, Ren Konso, Prenses Wayalla ak lot manm fami wayal la akonpaye sekey Ren Elizabeth II pandan fineray li nan Westminster Abbey, Lond, Lendi 19 Sept. 2022.

Fineray nasyonal Rèn Elizabeth II dewoule jodi Lendi 19 Septanm nan -- nan Westminster Abbey nan Lond. Pwoch rèn nan, fanmi li epi diyitè ki soti toupatou nan mond lan te prezan.

Apre 11 jou gwo chanjman ak aktivite apre lanmo manman li, Wa Charles III te swiv pandan yo tap pote sèkèy rèn nan antre nan Gran Pot Wès la pou fineray la.

Charles ak 3 frè ak sè li yo - Anne, Andrew epi Edward te swiv sèkèy rèn nan pandan solda te pote'l nan legliz la.

Dèyè yo te gen pitit gason Charles yo - Prens William ak Harry, epi manm fanmi wayal la.

Rèn Elizabeth II Antere nan vil Lond
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:32 0:00

Premye Minis Britanik la, Liz Truss te pami envite ki te sou plas pou li pasaj pandan mès la.

Achevèk Canterbury la, Justin Welby, te pale de pakèt lanmou moun eksprime depi lanmo Rèn Elizabeth 8 Septanm pase a.

Pandan fineray la Okès Twonpèt Chevalye Palè a te jwe mizik tradisyonèl ki rele "Bondye Sove Wa a".

Apre mès la, manm fanmi wayal la te swiv sèkèy la anko pandan yo tap transpote li soti nan legliz -- epi mete'l nan yon charyo ki te mennen li nan chato kote yo tapral antere rèn nan.


Manm piblik la ki pat gen aksè ak legliz kote mès la tap dewoule a te kanpe sou plas piblik kote te gen gwo ekran televizyon enstale pou swiv.

Moses Avorgah, 65 an se yon anplwaye leta

" Li anpil men sete yon bel seremoni. Rèn nan te gen anpil siyifikasyon pou mwen. Mwen te pwomèt manman mwen si li te viv pou'l fete 100 an, rèn nan tap voye yon kat pou swete'l bon fèt. Li te viv jiska 94 zan, donk li te rate'l. Men li gen anpil enpotans pou mwen. Mwen vin la a paske se yon onè ak yon privilèj pou'm viv nan peyi sa a epi wè evenman sa ak je'm. Mwen patap janm rate opotinite a."

Alison Pellowe, te swiv fineray la ak pitit fi li.

"Mwen trèz emosyone. Nou te kontan vini jodia. Mwen te vinn isit apre lanmo Prensès Diana ak pou fineray li, e mwen te wè pitit gason li yo e sete yon bagay ki te tris anpil, donk mwen fyè e mwen te vle mennen pitit fi'm jodia epi viv moman sa a ak lot moun. Mwen pat santi ke mwen te oblije al gade sèkèy la - sa pa pou mwen - men mwen respekte Rèn nan antanke fanm. Mwen kwè li tap jere yon mond gason kontwole e se yon bèl bagay anpil pou wè sa li rive akonpli. E mwen kwè li enpotan. "


Apre fineray la nan Lond, yo te transpote sèkèy rèn nan nan Windsor, kote foul la te aliyen sou 2 bo lari a pou swete monak la yon dènye adye anvan lantèman li aswè a.

XS
SM
MD
LG