Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Jill Biden Teste Pozitif pou Kowonaviris


FILE PHOTO: U.S. first lady Jill Biden visits Ecuador
FILE PHOTO: U.S. first lady Jill Biden visits Ecuador

Premyè Dam Jill Biden teste pozitif pou kowonaviris, e pwal rete nan izòlman e tanmen yon tretman anti-viral, dapre sa Mezon Blanch rapòte jounal Washington Post.

« Apre li te fin teste negatif pou Covid-19 ayè lendi a, premyè dam nan te koumanse santi sentòm tankou yon fòm rum nan aswè, » dapre sa pòtpawòl li Elizabeth Alexander di nan yon kominike. Alexander ajoute ke, « Li te teste negatif ankò nan yon tès rapid, men yon dènye tès te vini pozitif.

Alexander fè konnen Jill Biden, ki gen 71 lane, te pran 2 dòz vaksen ak 2 dòz boustè, e ke sentòm li yo lejè.

XS
SM
MD
LG