Mwayen Oryan
FBI: Al-Kayda Gen yon Fèm Volonte pou L Frape Lèzetazini, Malgre Lanmò Lidè Gwoup la
Washington - Direktè Sèvis Ransèyman Ameriken an (FBI), Christopher Way, deklare jedi li kontinye gen preyokipasyon devan posiblite pou rezo teworis al-Kayda ta lanse (oubyen enspire) yon gwo atak sou Lezetazini malgre yon dwonn ameriken te elimine prensipal lidè gwoup la nan Afganistan nan wikenn pase a.
Daprè direktè Wray, ni al-Kayda, ni Eta Islamik la avèk afilye yo “gen plan pou yo lanse oubyen patwone yon seri de atak a grann echèl anndan Lèzetazini menm.” Chèf FBI la pale konsa pandan li t ap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jidisyè Sena ameriken an.
Lidè Al-Kaida a, Ayman al-Zawahiri, youn nan pi gwo mastèbrenn atak teworis 11 septanm 2001 yo, te mouri byen bonè nan kòmansman jounen dimanch pase a, aprè yon dwonn te tire li pandan li te nan yon kay nan sant vil Kaboul. Lè laprès mande Wray èske li panse al-Kayda oubyen Eta Islamik la kapab frape Lèzetazini si yo jwenn yon chans pou yo fè sa, li reponn: “O! Wi!”
Chèf FBI la fini pa di: “Sepandan, a kou tèm, al-Kayda, ki genyen yon leadership degrade, ta dwe plis dispoze santre atansyon li sou “devlopman aflye entènasyonal li yo epi sipòte atak sou yon echèl redui” nan rejyon tankou Afrik de Lès ak Afrik de Lwès. “
See all News Updates of the Day
Minis G7 yo Ap Diskite sou Seselfe nan Gaza, Liban
Minis afè etranjè 7 pi gran puisans endistriyalize yo ap fè chita tande nan peyi Itali.
Yo gen espwa patwone yon seselfe nan Gaza ak Liban, sa ki reprezante pi gwo priyorite ajènda yo.
Rankont vil Wòm nan rasanble minis peyi Etazini, Kanada, La Frans, Almay, Itali, Japon ak Angletè.
Premye jounen rankont 2 jou a, minis Arabi Saoudit, Ejipt, Jòdani, Emira Arab Ini ak Qatar pral patisipe ansanm ak sekretè jeneral Lig Arab la.
Ministè afè etranjè Itali a di minis yo pral diskite sou jefò pou jwenn yon seselfe nan Gaza ak Liban.
Yon lòt gwo kestyon yo pral diskite se Ikrèn.
Kriz Grangou Frape Fanmi Palestinyen nan Gaza
Fanmi Palestinyen nan Gaza souvan manje yon sèl fwa pa jou, menm nan zòn kote gwoup imanite yo gen plis aksè pase zòn izole yo nan nò a ki prèske finn detwi nèt.
Yon fanmi kap viv nan yon tant nan rejyon santral Gaza di yal dòmi grangou chak swa.
Biwo Imanitè Nasyonzuni lanse avètisman pou di gen gwo ogmantasyon nan kantite fwaye kap fè fas ak grangou nan rejyon santral ak sid Gaza.
Ekspè yo di yon famin ap devlope nan nò a.
Izrayèl di li kite ase asistans antre. Men gwoup imanitè yo di restriksyon Izrayelyen yo ak batay kap kontinye epi degradasyon lwa ak lòd poze gwo obstak ki anpeche yo distribye asistans kòmsadwa.
Vize pa yon Manda Arestasyon CPI, Netanyahu Pwomèt li Pral "Kontinye Defann" Izrayèl
Apre plis pase yon ane konfli nan Gaza, Kou Pènal Entènasyonal (CPI) pwovoke kòlè Izrayèl lè li te emèt jedi mandan arestasyon san presedan kont Premye Minis Benjamin Netanyahu ak ansyen Minis Defans li Yoav Gallant pou krim lagè ak krim kont limanite.
Yon lòt manda CPI pou menm rezon yo vize Mohammed Deif, chèf bra ame Hamas la, ki te dirije yon atak sanglan 7 oktòb 2023 sou teritwa Izrayèl, ki te swiv pa yon ofansiv militè nan bann Gaza a, ki depafini anba gwo bonbadman depi lè sa.
"Pèsonn pa ka fè nou, espesyalman mwen, sispann defann peyi nou pa nenpòt mwayen posib," Benjamin Netanyahu te deklare nan yon mesaj bay sitwayen li jedi swa.
Dirijan an te deja kritike desizyon sa a kòm yon aksyon "antisemit" epi li te prezante tèt li kòm viktim yon nouvo "Pwosè Dreyfus," yon referans a kapitèn franse jwif la ki te kondane pou espyonaj nan fen diznevyèm syèk la, anvan yo te deklare l inosan epi reyabilite l.
Prezidan Ameriken Joe Biden te kalifye desizyon an kòm "eskandal," manda CPI a limite deplasman de responsab Izrayelyen yo. Nenpòt nan 124 peyi ki manm CPI yo teyorikman ta oblije arete yo si yo antre nan teritwa yo, menm si anpil peyi tankou Larisi, Etazini, ak Lachin pa rekonèt konpetans CPI.
Pou mouvman islamik palestinyen an, yo akeyi pouswit kont lidè Izrayelyen yo kòm yon "etap enpòtan nan direksyon jistis," menm si yo pa te mansyone manda arestasyon ki anonse an menm tan kont lidè militè yo a.
- Serge Michel
Kou Kriminèl Entènasyonal Lanse Manda Darè kont Lidè Izrayelyen ak Hamas
Tribinal Krim Lagè pi wo plase nan mond lan lanse manda darè pou lidè Izrayel ak Hamas, pami yo Premye Minis Benjamin Netanyahu.
Kou Kriminèl Entènasyonal Lanse Manda Darè kont Lidè Izrayelyen ak Hamas
Tribinal Krim Lagè pi wo plase nan mond lan lanse manda darè pou lidè Izrayel ak Hamas, pami yo Premye Minis Benjamin Netanyahu.
Manda darè yo pibliye Jedi e yo akize moun sa yo pou krim kont limanite an koneksyon ak lagè ki te tanmen sa gen plis pase yon ane desa.
Manda kont Netanyahu ak ansyen Minis Defans Izrayelyen Yoav Gallan santre sou akizasyon kom kwa Izrayèl sèvi ak manje kom zam nan kanpay lap mennen kont Hamas nan Gaza. Otorite Izrayelyen yo demanti akizasyon sa a.
Aksyon an ke Kou Kriminèl Entènasyonal la pibliye vini nan moman bilan viktim yo nan lagè Izrayèl ap mennen nan Gaza a rive a 44 mil mò.
Otorite sante lokal yo di gen plis pase mwatye nan viktim yo ki se fanm ak timoun.
Facebook Forum