Accessibility links

 
Larisi Akize Kyèv Dèske li Lanse Misil Sou Belgorod
Breaking News

Larisi Akize Kyèv Dèske li Lanse Misil Sou Belgorod


Russia Ukraine
Russia Ukraine

Lame Ris la di ke li elimine 3 misil Ikrenyen te lanse dimanch maten byen bonè sou vil Belgorod, toupre Ikrèn.

Gen yon ofisyèl nan rejyon an ki anonse lanmò omwen 3 moun apre eksplozyon misil yo.

Pòtpawòl Ministè Defans Ris la, Igor Konashenkov, deklare ke "Defans anti-avyon Ris yo te desann twa misil ke Ikrenyen yo telanse kont Belgorod. Apre ke defans anti-avyon an te desann misil ke Ikrenyen yo te voye yo, debri yo te tombe sou yyon kay," li fè konnen.

XS
SM
MD
LG