Accessibility links

Breaking News

Larisi: Ouvèti Pwosè Kont Jwèz Baskètbòl Amerikèn Griner pou Posesyon Dwòg


WNBA star and two-time Olympic gold medalist Brittney Griner is escorted to a courtroom for a hearing, in Khimki just outside Moscow, July 1, 2022.
WNBA star and two-time Olympic gold medalist Brittney Griner is escorted to a courtroom for a hearing, in Khimki just outside Moscow, July 1, 2022.

Jijman Jwèz baskètbòl Ameriken Brittney Griner pou kontrebann dwòg te kòmanse vandredi kote pòt tribinal la te rete fèmen pou piblik la.

Vedèt basketbol Ameriken Brittney Griner parèt devan yon tribinal nan Moskou Vandredi, 4 mwa edmi apre arestasyon li pou posesyon mariwana ke yo jwenn nan malèt li lè li te rive nan ayewopo a pou jwe pou yon ekip Ris.

Elizabeth Rood, Chèf adjwen Misyon Anbasad Etazini an nan Moskou di jounalis ki te rasanble devan tribinal la apre odisyonan ke Griner "pa pi mal".

"Mwen te gen okazyon pale ak Madan Griner nan tribinal la lap fe sa'l kapab nan sikonstans difisil sa a - e li mande'm dinou li an bon eta'd espri e li gen la fwa tout bagay ap regle. Federasyon Ris la pat dwe arete Madan Greiner. Arestasyon konsa pa akseptab kèlkeswa kote li fèt paske li mete an danje sekirite tout moun kap vwayaje, viv, travay epi etidye lot bo dlo," Rood deklare.

Rood di gouvènman Ameriken an ap travay "nan wo nivo" pou fè La Risi lage li.

Vedèt basketbol ekip Phoenix Mercury a, ki ranpote 2 meday lo Olenpik pou Lèzetazini, jwenn arestasyon li nan mwad Fevriye nan ayewopo Moskou a apre lapolis te jwenn kèk bokal vape ki gen lwil marijuana ladan yo.

Li taka gen pou'l pase 10 zan nan prizon si tribinal la jwenn ni koupab.

Griner te gen ajans Ris ki te akonpaye'l lè li rive nan tribinal la. Li te gen yon t-shirt mizisyen Jimi Hendrix sou li.

Alexander Boykov se avoka basketbolez la.

"Li yon ti jan preokipe akoz pwosè a men li gen fos e mwen kwè lap degaje'l.

La jistis Ris pwolonje pou yon lot 6 mwa detansyon Griber. Pwochen odisyon li fikse pou 7 Jiyè," Boykov deklare.

Gen mwenske 1% akize Ris ki resevwa desizyon favorab nan ka konsa e kontrèman ak Lèzetazini, akize a paka ale ann apèl.

Ka a ap dewoule nan moman relasyon an Moskou ak Washington pa two bon.

Yo arete Griner mwenske yon semèn anvan La Risi te voye twoup ann Ikrèn e sa te agrave tansyon yo ant 2 peyi yo.

Lèzetazini enpoze plizyè sanksyon kon Moskou e La Risi limenm denonse Etazini poutèt li voye zam bay Ikrèn.

XS
SM
MD
LG