Accessibility links

Breaking News

Meksik: 2 Kanadyen Pèdi Lavi Yo Anba Kout Kouto


Lapolis fe patwouy sou pon entenasyonal Zaragoza-Ysleta a ki sitye sou frontye Meksik pataje ak Etazini, pandan kamyon yo ap tann pou yo travese Ozetazini, 13 Avril 2022.
Lapolis fe patwouy sou pon entenasyonal Zaragoza-Ysleta a ki sitye sou frontye Meksik pataje ak Etazini, pandan kamyon yo ap tann pou yo travese Ozetazini, 13 Avril 2022.

Avoka gouvènman nan Meksik fè konnen yo jwenn 2 Kanadyen ki mouri ak kout kouto nan vil vakans Playa del Carmen sou kot Karayib la jodi lendi a.

Komisè Gouvènman-yo fè konnen Interpol te dèyè youn nan Kanadyen yo pou arete l. Otorite nan eta Quintana Roo di yo jwenn kadav moun yo, yon gason ak yon fanm, nan yon otèl oubyen yon kondominyòm nan vil vakans la ki nan latwoublay, e yo rapòte gen yon 3èm ki blese. Pat gen enfòmasyon touswit sou non yo oubyen ki di moun nan ki bouk yo ye, sepandan ministè Afè Mondyal nan Kanada fè konnen li okouran lanmò yo.

Nan mwa Janvye, 2 Kanadyen te pèdi lavi yo nan yon vil vakans nan zòn nan, sanble sete nan batay ant gang pou dèt.

XS
SM
MD
LG