Accessibility links

Breaking News

Kandida Trump Apiye Ranpòte Eleksyon Primè nan Kawolin di Sid ak Nevada


APTOPIX Trump
APTOPIX Trump

Washington- Nan jounen madi a, ansyen Prezidan Donald Trump gen yon gwo viktwa nan Kowolin di Sid, kote kandida prefere l la ranpòte fasilman laviktwa sou Tom Rice, yon depite ki pase 5 manda nan Lachanm nan. Rice se premye palmantè repibliken ki pèdi fonksyon li pami sila yo ki te vote pou Kongrè a te jije Trump ane pase a. Sepandan, yon lòt palmantè trè popilè nan menm eta a ke Trump pa t sipòte, Depite Nancy Mace, jwenn mwayen ranpòte laviktwa sou advèsè l la.

Pandansetan, nan Eta Nevada, kandida Trump t ap sipòte a, Adam Laxalt, ranpòte eleksyon pirmè a devan yon kandida popilis ki gen plis senpati nan baz Trump la

Rezilta eleksyon prime sa yo montre ke faktè Trump la se yon eleman moun pa dwe neglije nan Eta ki reprezante kèk tèritwa solid pou Repibliken yo, swa yon siyn avètisman pou kèk lòt Repibliken, tankou Depite Liz Cheney (Wyoming), ki, li menm tou, te vote pou jije Trump e ki te ede komisyon Lachanm nan k ap mennen ankèt sou atak 6 janvye 2021 an sou lokal Kongrè a. Cheney pral fè fas ak yon konkiran solid, yon kandida Trump ap sipòte nan eleksyon primè ki fikse pou mwa dout pwochen.

XS
SM
MD
LG