Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal nan Ikrèn Kondane 2 Sòlda Ris Poutèt Yo te Bonbade yon Popilasyon Sivil


FILE - Ukrainian servicemen stand in the city of Lysytsansk at the eastern Ukrainian region of Donbas on May 30, 2022,
FILE - Ukrainian servicemen stand in the city of Lysytsansk at the eastern Ukrainian region of Donbas on May 30, 2022,

Yon tribinal ikrenyen, ki te an sesyon madi, kondane 2 sòlda ris pou yo pase 11 zan edmi nan prison apre yo te plede koupab semèn pase a dèske yo te bonbade san gade dèyè pozisyon kote sivil te abite nan rejyon Kharkiv, pandan ke yo menm, yo te pa lòtbò fwontyè peyi a avèk Larisi.

Non prevni yo se Alexander Bobikin ak Alexander Ivano. Yo te tande jij la li vèdik la pandan yo te kanpe dèyè yon bwat an vit, nan tribinal sivil Kotelva, nan pati nò Ikrèn.

Jij Evhen Bolybok, ki te kanpe devan drapo ikrenyen an, deklare: “Lajistis pwouve totalman kilpablite Bobikin ak Ivanov.”

Semèn pase a, yon sòlda ris te pran yon santans prizon a-vi poutèt li te touye yon sivil san zam. Ikrèn akize Larisi dèske li komèt plizyè milye krim de gè pandan plis ke 3 mwa lagè a deja dire, menmsi Moskou demanti ke li te vize sivil nan atak li yo.

XS
SM
MD
LG