Accessibility links

Breaking News

Larisi Fèmen Biwo Radyo-Teledifizyon Kanada a nan Moskou


Larisi fè konnen l ap fèmen biwo Kòporasyon Radyo-Teledifizyon Kanada a (Canadian Broadcasting Corporation -CBC) nan Moskou kòm yon repons kifkif pou desizyon Kanada pran pou l entèdi difizyon pwogram chèn medyatik leta ris la, RT, sou tèritwa kanadyen an.

Premye Minis Justin Trudeau kritike desizyon Moskou a. Li fè konnen “journalism responsab, ki pataje avèk sitwayen yo egzakteman sa k ap pase, reprezante yon gwo menas pou Vladimir Putin.”

Nan mwa mas pase a, Kanada te entèdi ofisyèlman RT ak RT France itilize sou ond li yo, paske pwogramasyon yo “pa konfòm avèk prensip difizyon kanadyen yo.”

RT avèk chèn Sputnik ke leta ris la kontwole, rete bloke nan pi fò peyi oksidantal yo depi operasyon militè Larisi te lanse nan Ikrèn nan, sou akizasyon dèske y ap simaye pwopagann.

Pòtpawòl ministè afè etranjè ris la, Maria Zakharova, deklare desizyon Kanada a repoze sou santiman anti-ris (risofobi) e pou li, pwogram Radyo-Televizyon Kanada a se “bri pwopagann”.

Nan yon tweet Premye Minis Trudeau pibliye, li di: “Desizyon Larisi a innakseptab e jounalis yo dwe kapab egzèse pwofesyon yo san pèsonn pa enfliyanse yo, ni entimide yo, ni entefere nan travay yo.”

XS
SM
MD
LG