Accessibility links

Breaking News

PNH Arete yon Moun li Sispèk Konn Founi Zam ak Minisyon Bay Gang "400 Mawozo"


Maxony Germinal
Maxony Germinal

Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH), atravè inite espesyalize ki rele POLIFRONT, arete, madi 26 avril 2022 Maxony Germinal, ki gen 40 lane.

Otorite yo te arete Maxony sou wout fwontyè Malpasse la Dapre PNH, misye te nan yon Ford Ranger blan, ki gen matrikilasyon : AA-22747. Otorite yo te mete Maxony anba kòd akòz li te gen yon manda ke Tribinal Premye Enstans nan Croix-des-Bouquets te lage dèyè li.

Youn nan pi gwo akizasyon ki sou tèt li, otorite yo nan lapolis sispèk ke Maxony se youn nan moun ki konn founi zam ak minisyon bay gang "400 Mawozo" kap opere nan komin Croix-des-Bouquets a. Yo te konfiske paspò li ak machin li apre yo te transfere li nan DCPJ pou aksyon legal yo repwoche li yo.

Apre lapolis te arete endividi a, te gen anpil gwo kout zam ki tap chante nan kek zòn nan Croix-des-Bouquets.

Dapre sa Biwo Kominikasyon PNH la di sou paj Facebook li, gen plizyè ajan nan divès inite, ke yo te deplwaye nan zòn Butte Boyer.

PNH di li renouvle angajman li pou l kontinye mare bandi ki ap simen la tèrè sou teritwa nasyonal la.

XS
SM
MD
LG