Mwayen Oryan
Nasyonzini ap Òganize yon Konferans sou Angajman pou Sipòte Efò Imanitè Nan Yemèn
Nasyonzini sot òganize yon konferans peyi donatè sou entenèt la ant eta manm li yo mekredi 16 mas la pou ranmase pou pi piti $4.2 milyon pou finanse ane sa a efò imanitè nan Yemen ke lagè fin ravaje.
Sekretè deta Etazini, Antony Blinken anonse yè mekredi a ke Etazini ap bay Yemen preske $585 milyon nan ane 2022 a.
Inyon Ewòp la di lap bay $407 milyon 400 mil dola e Wayòm Ini promèt pou-l bay $115 milyon.
LONU di lajan sa a pral ede plis pase 17 milyon moun ki nan gwo nesesite asistans manje, yon kantite ki ka monte nan 19 milyon nan 2 zyèm mwatye ane 2022 a.
Yemen ap soufri anba boulvès depi ane 2014 lè rebèl Houthi yo ke Iran apiye te sezi kapital la, Sanaa e te dechouke gouvenman peyi a ke mond lan te rekonèt la . Yon kowalisyon Arab ke Arabi Saoudit ap dirije, ki gen ladann Emira Arab Ini, te kòmanse batay avek rebèl yo plizyè mwa apre. Lagè a te rive nan yon enpas ki lakoz plizyè dizèn milye moun nan Yemen pèdi la vi yo e te deklannche pi move kriz umanitè nan mond la,
Rebèl Houthi yo ki kontwole kèk gwo moso nan nò Yemen, yo anba akizasyon deske yo konn chache bloke livrezon asistans umanitè.
Konferans peyi donatè yo mekredi a vini nan moman anpil atansyon mond la fikse sou envazyon Larisi nan Ikrèn nan ki rive kounye a sou 21 jou. Kriz Ikrèn nan ka agrave situyasyon an nan Yemen ki konn konte sou Ikrèn pou preske yon tyè nan enpotasyon ble li.
See all News Updates of the Day
Liban: 48 Moun Mouri nan Plizyè Atak Izrayelyen nan Lès la
Omwen 48 moun, ki gen ladan 2 timoun, te jwenn lanmò yo nan plizyè atak Izryaelyen nan lès peyi Liban, dapre yon rapò Ministè Sante Libanè a, ki bay lis bonbadman ki fèt sou plizyè lokalite nan pwovens Baalbeck, youn nan bastyon Hezbollah.
Ministè Sante a te site an patikilye yon "frap lènmi Izraelyen an" sou Al-Allaq ki te lakòz 10 moun mouri, yon lòt sou al-Hafir ki te li menm tou touye 10 moun ak yon bonbadman sou sektè Ram kote 9 moun te pèdi lavi yo.
Izrayèl Atake Iran, Liban ak Gaza Pandan Wikenn nan
Izrayèl ouvètman atak Iran ak yon vag avyon samdi pase a e kontinye ak atak li yo nan band Gaza ak nan Liban ki fè plizyè mò ak blese.
Konsèy Sekirite LONU Pral Diskite Atak Izrayèl Lanse Kont Iran
Konsèy Sekirite Nasyonzuni ap fè yon rankont dijans Lendi 28 Oktob pou diskite sou sityasyon an nan Mwayèn Oryan an apre atak reprezay Izrayèl lanse kont Iran.
Prezidan konsèy la, ki se reprezantan La Suis, deklare Iran mande pou yo fè rankont la ak apui Aljeri, Lachin ak Larisi.
Minis Afè Etranje Iranyen an, Abbas Araqchi deklare nan yon lèt li voye bay 15 manm konsèy la Samdi: "Aksyon rejim Izrayelyen an reprezante yon menas grav pou lapè ak sekirite entènasyonal e sa ka destabilize rejyon an pi plis.
Frap Izrayèl la bonè Samdi te gen ladann yon seri atak ayeryen ki te vize faktori Iranyen ki fabrike misil yo. Li vini kèk semèn apre Iran te lanse 200 misil balistik kont Izrayèl epi nan moman Izrayè
ap goumen ak militan Hamas ak Hezbollah ke Iran apiye nan Gaza ak Liban.
Lidè Siprèm Iran an, Ayatollah Ali Khamenei deklare frap Izrayelyen yo "pata dwe ni egzajere ni diminye". Men li pa mande kareman pou tire revanj. Sete premye atak Izrayèl lanse ouvètman kont enmi jire li.
Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu te deklare Dimanch ke atak yo atenn objektif Izrayèl yo ki gen ladann bloke kapasite defans Iran ak kapasite li pou l pwodui misil.
Anvan rankont konsèy la Lendi, Irak te pote plent devan LONU pou Izrayèl. Li plenyen pou di eta Ebre a vyole espas ayeryen li pou atake Iran.
Yon potpawol gouvènman Irakyen an di lèt la kondane vyolasyon espas ayeryen ak souvrènte peyi Irak.
Afrik di Sid di li Soumèt "Prèv" Zak "Jenosid" Izrayèl Komèt Bay Tribinal Entènasyonal la
Lafrik di sid li soumèt dosye "prèv" "jenosid" ke li di ke Izrayèl komèt nan Gaza bay Tribinal Entènasyonal Jistis la (ICJ).
Se Prezidan Sid Afriken an Cyril Ramaphosa ki te anonse sa nan yon deklarasyon li te fè Lendi 28 oktòb 2024 la.
Dosye sa a "genyen prèv ki montre ke gouvènman Izrayelyen an te vyole Konvansyon Jenosid la," yon akizasyon ke Izrayèl bò kote pal demanti.
3 Jounalis Pèdi Lavi yo Nan Liban
Atak lame Izrayèl yo pa sispann touye epi blese moun nan peyi Liban ak nan Gaza, nan moman ke rankont yo ap miltipliye pou jwenn yon seselfe nan lagè a.
Facebook Forum