Accessibility links

Breaking News

Josep Borrell konfime Plis Sanksyon Kont Larisi


High Representative of the European Union for Foreign Affairs and Security Policy Josep Borrell reacts upon his arrival in Skopje, March 14, 2022.
High Representative of the European Union for Foreign Affairs and Security Policy Josep Borrell reacts upon his arrival in Skopje, March 14, 2022.

Chèf politik afè etranjè Inyon Ewop la, Josep Borrell konfime ke blok la pare pou l enpoze yon 4 triyèm tranch sanksyon kont Larisi pou envazyon ni nan Ikrèn nan.

Li tap pale nan Skopje pandan yon vizit nan kapital Nò Masedwàn nan lendi a. Prensipal diplomat Inyon Ewop la akize Moskou deske li vize sivil nan lagè kont Ikrèn nan e li moutre gen plis pase 2 mil 400 sivil ki mouri nan vil Mariupol selman, yon vil ki bay bò lanmè e ki anba sièj.

Lagè Putin nan pa Selman konsène Ukrèn, men li konsène sekirite ak stabilite kontinan ewopeyen nou an. Li afekte nou tout Borrel di , li ajoute yon lot seri sanksyon ki vize sektè asye,chabon ak enèji Larisi, e li p-ap gen aksè nan mache Inyon an, ni gen dwa afilye nan enstitisyon finansye entènasyonal yo.

Borrell di: Sa Pral yon lot gwo kou ankò sou baz ekonomik Kremlen an e se sou baz sa a l-ap bati envazyon an e se ladann li jwenn resous pou finanse li . Li pat bay plis detay.

Kèk nan batay ki pi sevè yo te dewoule nan Mariupol yon gwo vil ki bay sou lanmè nan lès Ikrèn kote fòs ris yo te bonbade yon matènite, sote bilding apatman, e kite vil la devaste.

Larisi fè konnen lendi 14 mas la ke li te kreye kondisyon pou louvri kèk koulwa imanitè e ke yon mas moun te komanse evakye.

XS
SM
MD
LG