Accessibility links

Breaking News

Bonbadman Kontinye Touye Moun nan Ikrèn


Una vista de los edificios dañados tras un ataque a la base militar de Yavoriv, en medio de la invasión rusa de Ucrania, en Yavoriv, Óblast de Lviv, Ucrania, 13 de marzo de 2022
Una vista de los edificios dañados tras un ataque a la base militar de Yavoriv, en medio de la invasión rusa de Ucrania, en Yavoriv, Óblast de Lviv, Ucrania, 13 de marzo de 2022

Otorite Etazini fè konnen bonbadman te kontinye touye moun nan pati lwès Ikrèn dimanch, toupre fwontyè ak Polòy, jan yo te prevwa li a.

"Sa pa etone sèvis ransèyman ameriken yo ak kominote sekirite nasyonal la," se pawòl Konseye Sekirite Nasyonal Etazini Jake Sullivan nan yon emisyon sou chèn televizyon CNN dimanch maten. Li kontinye pou di, "Ki sa sa moutre, sèke Vladimir Putin fristre deske fòs li yo paka fè pwogrè ke yo te espere a."

35 moun pou pi piti pèdi lavi yo e 134 lòt blese bonè dimanch maten, lè LaRisi te tire misil rapid sou Sant Entènasyonal pou Lapè ak Sekirite, yon baz militè nan lwès Ikrèn.

Enstalasyon an, ki pa lwen Lviv, se la kèk inite l-OTAN konn antrene sòlda Ikrèn.

Twoup l-OTAN yo nan Polòy, te nan distans 25 kilomèt ak lye atak la, sa ki soulve enkyetid ke nenpòt erè lame ris la ta fè te ka lakoz gè a laji. "Si Larisi atake, tire sou teritwa l-OTAN, alyans la ap reponn," se avètisman Sullivan nan yon entèvyou sou rezo televizyon CBS nan pwogram Face the Nation, Fas ak Nasyon an

XS
SM
MD
LG